Vann Pwodwi’w Aletranje
1. Kisa pwogram Vann Pwodwi’w Aletranje?
R: Pwogram sa a pèmèt ou mete pwodwi ou sou platfòm WoyStore pou yo ka vann nan Etazini ak Kanada. WoyStore ap jere pwomosyon, lavant, ak distribisyon pou ou.
2. Ki kalite pwodwi mwen ka vann sou platfòm WoyStore la?
R: Ou ka vann tout kalite pwodwi ki pa manje, fasil pou transpote epi ki legal.
3. Ki kondisyon pou patisipe?
Repons: Pwogram nan ouvè espesyalman pou moun ki abite Ayiti ak Sen Domeng, ki gen pou pi piti 18 lane.
4. Kijan mwen ka enskri pou vann sou platfòm WoyStore la?
R: Pou patisipe, voye yon mesaj bay WoyStore sou nenpòt platfòm ak mo “Vann”.
5. Èske mwen bezwen fè chanjman nan etikèt oswa anbalaj pwodwi m pou mache entènasyonal la?
R: Ou poko bezwen fè chanjman nan etikèt oswa anbalaj pou kounye a.
6. Kijan WoyStore ap ede pwodwi mwen yo jwenn plis vizibilite sou platfòm la?
R: WoyStore ap mete pwodwi w yo sou rezo sosyo epi ba ou opsyon pou peye pou pwomosyon pwodwi ou yo, pou yo ka jwenn plis vizibilite.
7. Kijan pwosesis livrezon pwodwi yo mache?
R: Ou pral voye pwodwi yo nan yon adrès Ozetazini nan fason ki pi fasil pou ou, kote w ap peye yon frè pou sa. WoyStore ap jere livrezon final yo pou kliyan nan Etazini ak Canada.
8. Ki garanti mwen genyen pou yo rive nan bon kondisyon?
R: WoyStore ap sipòte ou nan pwosesis la epi ap ba ou tout mach aswiv sou kijan pou prepare bwat yo.
9. Kisa WoyStore fè pou asire sekirite ak transparans tranzaksyon yo?
R: Tout tranzaksyon yo fèt sou platfom WoyStore la w ap gen aksè a tout detay tranzaksyon yo pou transparans.
10. Kijan sistèm peman an mache? Konbyen tan li pran pou mwen resevwa lajan m?
R: Kliyan yo ap peye dirèkteman sou platfòm lan, epi WoyStore ap voye lajan ou atravè Zelle oswa Transfè. Wap resevwa lajan w chak 2 semenn.
How can we help you?
Want to check the status of your order? Want to know how to return a product? We can help.